Chwazi konte kote w anrejistre pou vote a pou w jwenn lokal pou vote bonè, ak lè fonksyònman yo, ki pi pre w.
Kijan Pou Vote Bonè
- Vòt bonè a ap fèt pandan peryòd sa yo. Gen kèk konte ki ka gen jou pou vote bonè anplis, kidonk asire w ke w verifye enfòmasyon konte w la. Pou dat ak lè egzak pou vòt bonè yo, sèvi ak kat jeyografik ki sou paj sa a:
- Eleksyon Prensipal: 8-15 Out 2026
- Eleksyon Jeneral 24-31 Oktòb 2026
- Votè ki gen yon bilten vòt pa lapòs ka depoze bilten vòt pa lapòs yo nan nenpòt kote pou vote bonè.
- Ou ka vote bonè sèlman nan lokal ki nan konte kote w anrejistre pou vote a.
- Pou vote bonè ou dwe bay yon idantite ki valab ki gen ladann youn ki gen yon siyati. Idantite ki valab gen ladan lisans chofè oswa kat idantite Florid, paspò ameriken, elèv, militè, idantite asistans piblik, ak lòt ID. Ou pa bezwen yon ID pou w depoze yon bilten vòt pa lapòs.