Sant Vòt yo ap ouvri nan Jou Eleksyon an, depi 7h nan maten pou rive 7h nan aswè. Pou moun k’ap vote ki gentan nan liy yo, depi w’ te gentan la avan 7h nan aswè, pa enkyete w’, wap toujou gen opòtinite pou vote.
Lè w’ rive nan biwo (sant) v òt kote ou dwe ale vote a, y’ap mande w’ yon pyès ki kapab ede idantifye w’ pou w’ siyen. Sonje mache ak yon pyès idantifikasyon legal pa w’ ki gen foto w’ ak siyati ou. Y’ap aksepte nenpòt pyès ki gen yon foto ID w’:
- Pèmi (Lisans) Kondwi Florida oubyen Kat idantite ofisyèl Florida konn bay yo
- Paspò Ameriken
- Kat Debi oubyen Kat Kredi Labank
- Idantifikayon Militè
- Kat Idantifikasyon Etidyan (depil gen foto moun ki pral vote a)
- Kat Idantifikasyon Sant Retrèt
- Idantifikasyon Asosyasyon Vwazen yo
- Idantifikasyon Asistans Piblik
- Kat idantifikasyon Sante Veteran yo. Depi se nan depatman Zafè Veteran yo ki te fè li.
- Lisans ki bay pèmisyon pou pote zam ki gen rapò ak s. 790.06 , yon Kat ki idantifye ou tankou yon moun kap travay pou gouvènman an.
Si pyès ou pote pou idantifye ou a gen foto ou men li pa gen siyati ou, y’ap mande w’ yon lòt pyès ki gen siyati ou. Si ou bezwen èd pou kapab jwenn yon pyès idantite valab pou vote, ou kapab rele VoteRiders nan nimewo 844-338-8743.
Pou jwenn biwo vòt oubyen sant kote pou w’ vote nan jou eleksyon an, w’ap chwazi Vil kote ou te enskri pou vote a: